Isaiah 34:1
Nou menm moun tout nasyon yo, pwoche pou n' koute! Tout pèp sou latè, louvri zòrèy nou! Se pou tout moun ansanm ak tout bagay ki sou latè yo koute!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:1Ou menm syèl, tande sa mwen pral di la a! Koute byen, ou menm latè, pawòl ki pral soti nan bouch mwen!
Judges 5:31Wi, Seyè! Se konsa pou tout lènmi ou yo mouri. Men, zanmi ou yo ap klere tankou solèy midi. Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan.
Psalms 49:1(049:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (049:2) Nou tout, koute sa byen. Louvri zòrèy nou, nou menm k'ap viv toupatou sou latè,
Psalms 50:1Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.
Isaiah 1:2Seyè a di konsa: -Ou menm syèl la, koute! Ou menm latè, pare zòrèy ou! Paske mwen menm, Seyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen.
Isaiah 33:13Se pou tout moun, ni sa ki pre ni sa ki lwen, tande sa mwen te fè. Se pou tout moun konnen jan m' gen pouvwa.