Isaiah 36:1
Ezekyas te gen katòzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Senakerib, wa peyi Lasiri, vin atake tout lavil nan peyi Jida ki te gen gwo ranpa pou pwoteje yo. Li pran yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 18:13Wa Ezekyas t'ap mache sou katòzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Senakerib, wa peyi Lasiri, vin atake tout lavil ak gwo ranpa peyi Jida yo. Li pran yo.
2 Chronicles 12:4Li pran tout lavil ak gwo ranpa peyi Jida yo, jouk li rive lavil Jerizalèm.
Isaiah 1:7Peyi nou an fini. Dife fin boule tout lavil nou yo ratè. Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, l'a devan je nou. Yo fini ak tout bagay nan peyi a nèt. Yon sèl lafliksyon tonbe sou nou, tankou lè lènmi pase nan peyi a.
Isaiah 7:20Jou sa a, Seyè a ap fè wa peyi Lasiri a soti lòt bò larivyè Lefrat. Li va tankou yon razwa. L'ap vini, l'ap koupe tout bab ou, tout cheve nan tèt ou ak tout plim sou kò ou.
Isaiah 8:8L'ap anvayi tout peyi Jida a, l'ap rive ra kou, l'ap kouvri tout peyi a. Bondye avèk nou! L'ap pwoteje peyi a anba zèl li!
Isaiah 33:7Vanyan gason ap rele anmwe. Moun yo te voye pou siyen lapè yo ap kriye ak gwo lapenn nan kè yo.