Isaiah 37:29
Koulye a, mwen vin konnen jan ou move sou mwen, jan ou vin awogan. Se poutèt sa, mwen mete yon fè won nan bwa nen ou, ak yon mò nan bouch ou. Mwen pral fè ou pran menm chemen ou te pran pou vini an pou ou tounen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 19:27Mwen konnen lè ou leve, mwen konnen lè ou chita. Mwen konnen lè ou soti, mwen konnen lè ou antre. Mwen pran nouvèl jan ou fin anraje sou mwen.
Job 41:2Eske ou ka pase yon bwa wozo nan nen l'? Eske ou ka pèse machwè l' ak yon gwo zen?
Psalms 32:9Pa fè tankou chwal osinon tankou milèt ki san konprann. Yo blije mete bosal ak brid nan bouch yo pou donte yo. Si se pa sa, ou pa ka pwoche bò kote yo.
Psalms 74:4Moun ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y'ap rele byen fò. Yo wete tou sa ki nan tanp lan, yo mete drapo pa yo.
Psalms 83:2(083:3) Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou!
Isaiah 10:12Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.