Isaiah 37:3
Men mesaj Ezekyas te ba yo pou Ezayi: -Jòdi a se yon jou malè pou nou! Bondye ap pini nou. Se yon wont pou nou. Nou tankou yon fanm ansent ki deja kase lezo men ki pa gen fòs pou li pouse pitit la soti.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 19:3Men mesaj Ezekyas te ba yo pou Ezayi: —Jodi a se jou malè pou nou! Bondye ap peni nou. Se yon wont pou nou. Nou tankou yon fanm ansent ki deja kase lèzo, men ki pa gen fòs pou li pouse pitit la soti.
Psalms 50:15Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
Psalms 95:8-Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l' lè yo te bò sous dlo Meriba a, tankou yo te fè l' jou sa a nan dezè a bò Masa.
Isaiah 22:5Jounen jòdi a, se yon jou debandad, se jou yo pèdi batay la, se jou pesonn pa konn sa pou yo fè. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki fè sa rive nou. Nan Fon Vizyon an, y'ap kraze miray lavil yo met atè. Nan tout mòn yo, y'ap rele mande sekou.
Isaiah 26:17Seyè, nou t'ap rele nan pye ou, tankou yon fanm ansent ki prèt pou akouche, k'ap tòde, k'ap rele lè tranche a pran l'.
Isaiah 33:2Seyè, pitye pou nou! Se nan ou nou mete tout espwa nou! Pwoteje nou jou apre jou! Delivre nou lè nou anba tray!