Isaiah 37:7
Mwen pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l'. Rive li rive, m'ap fè touye l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 32:21Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.
Job 15:21Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo.
Isaiah 10:16Se poutèt sa, Seyè ki gen tout pouvwa a pral voye yon sèl maladi deperi sou bann moun gra sa yo, yon sèl chalè ki pral leve nan tout kò yo, tankou yon gwo dife ki pran sou yo.
Isaiah 17:13Nasyon yo ap bat kò yo tankou lanmè lè li move. Men, Bondye rele dèyè yo, li fè yo kouri al byen lwen. Li bwote yo ale tankou van k'ap leve pousyè sou mòn yo, tankou van siklòn k'ap pote pay ale.
Isaiah 30:28Li fè van soufle, ou ta di yon ravin k'ap desann, dlo li rive rabo. L'ap boulvèse nasyon yo jouk li detwi yo, l'ap detounen tout move lide yo te gen nan tèt yo.
Isaiah 33:10Seyè a pale ak lòt nasyon yo, li di yo: -Koulye a, m'ap leve kanpe, m'ap fè nou wè jan m' gen pouvwa, jan m' gen fòs kouraj.