Isaiah 38:13
Tout lannwit m'ap rele anba doulè. Tankou yon lyon, Bondye t'ap kraze tout zo nan kò m'. Soti nan maten rive nan aswè, m'ap deperi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 20:36Lè sa a, premye pwofèt la di l' konsa: -Poutèt ou derefize obeyi lòd Seyè a, separe n'a separe, yon lyon ap touye ou. Konsa vre, ale premye pwofèt la ale, yon lyon vin rive, li touye lòt pwofèt la.
Job 10:16Si m' leve tèt mwen, ou fann dèyè m' tankou yon lyon dèyè bèt pou l' manje. Ou rive fè mirak pou ou ka fè m' lapenn.
Psalms 39:10(039:11) Tanpri, pa bat mwen ankò, sispann kale m'. Mwen prèt pou m' mouri anba kout fwèt ou yo.
Psalms 51:8(051:10) Fè m' tande pawòl ki pou fè kè m' kontan an, pawòl ki pou fè m' chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m', men w'a fè kè m' kontan ankò.
Lamentations 3:4Po kò m' fin chire, vyann mwen parèt deyò konsa. Li kraze tout zo nan kò m'.
Hosea 5:14M'ap atake moun Efrayim yo tankou yon lyon. M'ap tonbe sou moun Jida yo tankou yon jenn ti lyon. Wi, se mwen k'ap dechire yo an miyèt moso. Apre sa, m'ap kite yo, m'ap depòte yo byen lwen peyi yo. Pesonn p'ap ka sove yo anba men m'.