Isaiah 38:14
M'ap plenn tou piti tankou ranmye. M'ap plenyen tankou yon toutrèl. Je m' bouke tank m'ap gade syèl la. Seyè, mwen pa kapab ankò! Vin fè kichòy pou mwen non!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 17:3Ou mèt kwè m', Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M' pa gen pesonn lòt ki ka tope ak yo.
Psalms 69:3(069:4) Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m' yo ap boule m' sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an.
Psalms 119:82Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: -Kilè w'a vin konsole m'?
Psalms 123:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ou menm ki chita sou fotèy ou nan syèl la ap gouvènen, se bò kote ou mwen leve je mwen.
Isaiah 59:11N'ap wouke tankou chen, n'ap plenn tankou bourik anba chay. N'ap tann Bondye pou l' pran defans nou. Bichi! N'ap tann li vin delivre nou. Anyen menm!
Ezekiel 7:16Genyen ki va chape kò yo al nan mòn, tankou ranmye k'ap vole kite fon yo. Yo pral plenn sò yo pou tou sa yo fè ki mal.