Isaiah 4:5
Lajounen, Seyè a va voye yon gwo nwaj vin poze sou tout mòn Siyon an ak sou tout moun ki sanble la a. Lannwit, se va lafimen ak yon gwo flanm dife la voye. Pouvwa Bondye a pral kouvri yo, l'ap pwoteje tout lavil la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:19Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nwaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo.
Exodus 26:1N'a fè tant kote pou Bondye rete a ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, ansanm ak lenn koulè ble, violèt ak wouj. W'a fè yo bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout twal la.
Exodus 40:34Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan.
Numbers 9:15Jou yo t'ap moute Tant Randevou a, yon nwaj vini epi li kouvri tant kote Bwat Kontra a ye a. Lè aswè rive, ou ta di yon gwo dife ki te parèt anwo tant lan jouk nan maten.
Nehemiah 9:12Lajounen se avèk yon gwo nwaj ou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, avèk yon flanm dife, ou klere chemen kote pou yo pase.
Psalms 85:9(085:10) Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo.