Isaiah 40:21
Se konnen nou pa konnen sa? Ki jan fè yo pa t' janm di nou sa? Pesonn pa t' fè nou konn sa depi lontan? Nou pa janm chache konprann ki moun ki fè latè?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 26:7Se li menm ki louvri syèl ki sou bò nò a anlè, san anyen pou soutni l'. Li pandye tè a ankò san anyen pou kenbe l'.
Psalms 50:6Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!
Isaiah 27:11Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pa t' konprann anyen, Bondye ki te kreye l' la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l' la p'ap fè l' gras.
Isaiah 46:8Pa janm bliye sa! Mete gason sou nou! Nou menm k'ap fè peche, kalkile tou sa nou fè!
Isaiah 51:13Gen lè ou bliye Seyè ki te fè ou la, li menm ki te louvri syèl la epi ki te poze fondasyon latè a? Poukisa tout lajounen w'ap tranble konsa devan kòlè moun k'ap peze ou yo, moun k'ap chache detwi ou yo? Kisa kòlè moun sa yo ka fè ou?
Acts 14:17Men, li te toujou ap fè yo konnen ki moun li ye, li te fè anpil byen pou yo: li ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon rekòt. Li ban nou manje an kantite, epi li fè kè nou kontan anpil.