Isaiah 51:13
Gen lè ou bliye Seyè ki te fè ou la, li menm ki te louvri syèl la epi ki te poze fondasyon latè a? Poukisa tout lajounen w'ap tranble konsa devan kòlè moun k'ap peze ou yo, moun k'ap chache detwi ou yo? Kisa kòlè moun sa yo ka fè ou?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:9Lènmi an te di: M'ap kouri dèyè yo, m'ap pran yo. M'ap separe tout richès yo, m'ap pran tou sa m' vle. M'ap rale nepe mwen, avèk fòs ponyèt mwen, m'ap disparèt yo.
Esther 5:14Lè sa a, Zerès, madanm li, ak tout zanmi l' yo di l' konsa: -Poukisa ou pa fè yo kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay ou? Denmen maten, w'a mande wa a pou yo pann Madoche nan poto a. Apre sa, wa va ale nan fèt la ak kè kontan. Aman wè se te yon bon lide yo te ba li la a. Li fè kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay li.
Job 9:8Li te pou kont li lè li t'ap louvri syèl la anwo tè a. Li mache sou lanmè a jan li vle.
Job 37:18Eske ou ka ede Bondye louvri nwaj yo nan syèl la, pou fè yo di tankou bout fè?
Psalms 37:35Mwen te wè yon mechan ki te fè tout moun pè li, li te kanpe tankou yon gwo pye mapou.
Psalms 102:25(0102:26) Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la.