Isaiah 40:24
Yo tankou yon jenn ti plan ki fèrenk ap pouse fèy, ki fenk ap fè rasin anba tè. Seyè a fè van li soufle sou yo, yo cheche. Yon toubouyon van an pote yo ale tankou pay.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Li wete tout pouvwa wa yo te genyen. Li fè chèf k'ap dirije lèzòm sou latè yo pase pou anyen.
25Ki moun nou ka di ki tankou m'? Ki moun ki pou ta sanble avè m'? Se Bondye apa a ki di sa.
Cross References
1 Kings 21:21Men mesaj Seyè a voye ba ou: M'ap voye yon gwo malè sou ou. Mwen pral disparèt ou. Mwen pral touye dènye gason, granmoun kou timoun, nan fanmi ou.
Job 4:9Lè Bondye fache, li soufle sou yo, yo mouri. Lè van tanpèt Bondye a leve, yo disparèt.
Job 15:30Yo p'ap ka kouri pou fènwa a. Y'ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo epi van bwote tout flè l' yo ale.
Job 21:18pou van bwote yo ale tankou zèb chèch, pou van tanpèt chase yo tankou pay pitimi?
Proverbs 1:27Lè malè va tonbe sou nou tankou yon van siklòn, lè tray va pase sou nou tankou yon toubouyon, lè lapenn ak kè sere va pran nou,
Isaiah 14:21Pare pou nou masakre tout pitit wa yo poutèt mechanste papa yo te fè! Pa kite yonn ladan yo chape pou yo pa janm vin chèf, pou yo pa janm mache bati lavil toupatou sou latè ankò.