Job 4:9
Lè Bondye fache, li soufle sou yo, yo mouri. Lè van tanpèt Bondye a leve, yo disparèt.
Bib La
In The King James Version
By the blast of God they perish, and by the breath of his nostrils are they consumed.
In Context
Cross References
Exodus 15:8Nan kolè ou, ou soufle. Souf ou fè dlo a ranmase kò l'. Lanm yo kanpe dwat tankou yon miray. Dlo a vin di nan mitan lanmè a.
2 Kings 19:7Mwen pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l'. Rive li rive, m'ap fè yon moun touye l'.
Job 15:30Yo p'ap ka kouri pou fènwa a. Y'ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo epi van bwote tout flè l' yo ale.
Psalms 18:15(018:16) Lè ou ankòlè, Seyè, van yo soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa moun wè fon lanmè a, fondasyon tè a parèt aklè.
Isaiah 30:33Depi lontan yo te pare yon gwo twou pou dife boukan an. Se ladan l' yo pral boule wa a. Yo fè twou a byen fon, byen laj. Yo plen l' bwa. Seyè a pral soufle yon flanm dife melanje ak souf sou li pou boule l'.
Revelation 2:16Tounen vin jwenn Bondye non. Si ou pa fè sa, talè konsa m'ap vini, m'ap goumen ak moun sa yo ak nepe k'ap soti nan bouch mwen an.