Isaiah 41:18
M'a fè gwo dlo larivyè koule sou tout tè sèk kote ki pa t' gen menm yon ti pyebwa. M'a fè sous dlo pete nan fon yo. M'ap fè dezè a tounen lagon dlo. Sous dlo pral pete nan tout tè sèk yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 15:19Lè sa a, Bondye louvri yon twou nan tè a bò lavil Leki a, epi dlo pete soti ladan l'. Samson bwè dlo, li santi l' refè. Se poutèt sa yo rele sous sa a Sous Akore. Sous sa a la bò lavil Leki jouk jòdi a.
Psalms 78:15Li fann gwo wòch nan dezè a, li ba yo kont dlo pou yo bwè.
Psalms 107:35Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk.
Isaiah 12:3Menm jan kè pèp la kontan lè y' apral pran dlo nan sous, se konsa y'a kontan lè Bondye ap delivre yo.
Isaiah 32:2Yo chak pral tankou kote moun al kache pou move van, tankou kote moun al kache pou van tanpèt. Y'ap tankou yon sous dlo k'ap koule nan dezè, tankou yon kokenn wòch k'ap bay lonbray kote ki pa gen dlo.
Isaiah 35:7Kote sab la te cho a pral tounen yon letan. Tè sèk yo pral plen sous dlo. Kote chen mawon te konn rete a se la wozo ak jon pral pouse an kantite.