Isaiah 41:21
Seyè a, wa pèp Izrayèl la, di: -Nou menm, bondye lòt nasyon yo, vin plede kòz nou! Vin di sa nou gen pou n' di pou defans nou!
Bib La
In The King James Version
Produce your cause, saith the LORD; bring forth your strong reasons, saith the King of Jacob.
In Context
Cross References
Job 23:3Si m' te ka konnen kote pou m' jwenn li, mwen ta rive kote l' ye a.
Job 38:3Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen.
Isaiah 1:18Seyè a di konsa: -Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m'ap lave nou. M'ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fè nou blan kou lenn mouton.
Isaiah 41:1Nou menm moun zile yo, pe bouch nou! Koute sa m'ap di nou! Mete gason sou nou! Pwoche vin defann kòz nou! Annou plede pou n' wè kilès ki gen rezon!
Isaiah 43:15Se mwen menm Seyè a, Bondye pa nou an, ki yon Bondye apa. Se mwen menm ki te kreye pèp Izrayèl la. Se mwen menm ki wa nou!
Micah 6:1Koute sa Seyè a ap di: -Leve non! Vin plede kòz ou devan gwo mòn yo! Kite ti mòn yo tande sa ou gen pou di a!