Isaiah 41:1
Nou menm moun zile yo, pe bouch nou! Koute sa m'ap di nou! Mete gason sou nou! Pwoche vin defann kòz nou! Annou plede pou n' wè kilès ki gen rezon!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 23:3Si m' te ka konnen kote pou m' jwenn li, mwen ta rive kote l' ye a.
Job 38:3Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen.
Psalms 46:10(046:11) Li di: -Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap dominen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap dominen sou tout latè.
Isaiah 8:9Nou menm, moun tout nasyon yo, manyè konn sa! Nou mèt tranble! Nou menm ki rete nan peyi byen lwen, louvri zòrèy nou! Pare pou nou goumen! Men, konnen nou anba kou! Wi, mwen di nou pare pou nou goumen. Men, konnen nou anba kou!
Isaiah 34:1Nou menm moun tout nasyon yo, pwoche pou n' koute! Tout pèp sou latè, louvri zòrèy nou! Se pou tout moun ansanm ak tout bagay ki sou latè yo koute!
Isaiah 41:21Seyè a, wa pèp Izrayèl la, di: -Nou menm, bondye lòt nasyon yo, vin plede kòz nou! Vin di sa nou gen pou n' di pou defans nou!