Isaiah 41:4
Se travay ki moun sa? Kilès ki lakòz tout bagay sa yo rive? Ki moun ki depi nan kòmansman ap rele lèzòm, pitit an pitit, pou yo fè travay li sou latè? Se mwen menm, Seyè a, ki la anvan yo tout. Se mwen menm k'ap toujou la apre yo tout.
Bib La
In The King James Version
In Context
3L'ap fann nan siyay yo, l'ap kouri san li pa pè anyen. Pye l' pa menm touche tè.
5Moun zile yo wè sa, yo pè. Moun nan dènye bout latè pran tranble, yo pwoche, yo vini.
Cross References
Deuteronomy 32:7Chonje tan lontan! Repase tèt nou sou tan lontan! Mande papa nou pou li di nou sak te pase. Mande granmoun lontan yo rakonte nou istwa tan lontan.
Isaiah 40:12Kilès ki ka mezire valè dlo ki nan lanmè a ak men l'? Kilès ki ka pran lajè syèl la ak dwèt li? Kilès ki ka mete tout tè a nan yon ti mezi? Kilès ki ka pran pèz mòn yo ak pèz ti bit yo nan balans?
Isaiah 41:20Lè moun va wè sa, y'a konnen pou yo pran tèt yo, pou yo manyè konprann se Seyè a ki fè bagay sa yo ak men l', se travay Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a.
Isaiah 42:24Ki moun ki te lage moun Jakòb yo nan men vòlò yo? Ki moun ki te lage moun Izrayèl yo nan men piyajè yo? Se te Seyè a menm ki te fè sa. Nou te fè peche kont li. Nou pa t' vle viv jan l' te mande nou viv la. Nou pa t' vle swiv lòd li.
Isaiah 44:6Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.
Isaiah 46:10Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.