Isaiah 42:24
Ki moun ki te lage moun Jakòb yo nan men vòlò yo? Ki moun ki te lage moun Izrayèl yo nan men piyajè yo? Se te Seyè a menm ki te fè sa. Nou te fè peche kont li. Nou pa t' vle viv jan l' te mande nou viv la. Nou pa t' vle swiv lòd li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:49Seyè a pral mennen yon nasyon soti byen lwen nan dènye bout latè, yon nasyon ki pale yon lang nou p'ap konprann, yo pral vare sou nou tankou malfini sou poul.
Judges 2:14Seyè a vin an kòlè sou pèp Izrayèl la, li kite ansasen atake yo pou pran tou sa yo te genyen. Li kite lènmi ki toupatou bò kote yo mete pye sou kou yo. Yo pa t' ka kenbe tèt devan lènmi yo ankò.
Judges 10:7Se konsa Seyè a fache sou pèp Izrayèl la. Li kite moun Filisti yo ak moun Amon yo mete pye sou kou yo.
2 Chronicles 36:17Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a.
Psalms 81:12(081:13) Lè m' wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè.
Isaiah 10:5Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè.