Isaiah 42:10
Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Se pou tout moun toupatou sou latè fè lwanj li! Depi moun k'ap vwayaje sou lanmè ak tout bèt ki nan lanmè yo, jouk moun ki rete nan zile byen lwen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 16:32Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt.
Psalms 40:3(040:4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m' fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Seyè a.
Psalms 96:11Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan.
Psalms 98:1Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la.
Psalms 117:1Nou menm nasyon yo, fè lwanj Seyè a! Nou menm tout pèp yo, fè lwanj li!
Psalms 150:6Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a!