Isaiah 42:11
Se pou dezè a ak tout lavil yo chante pou Seyè a! Se pou tout kote moun Keda yo rete a fè lwanj li! Se pou moun ki rete lavil Sela a rele byen fò sou tèt mòn yo tèlman yo kontan!
Bib La
In The King James Version
In Context
12Se pou tout moun ki rete nan zile yo chante pou Seyè a, se pou yo fè lwanj li.
Cross References
Genesis 25:23Seyè a reponn li: -Ou gen de nasyon nan vant ou. W'ap fè de pèp: chak ap pran bò pa yo. Yonn p'ap vle wè lòt. Yonn ap pi gwonèg pase lòt. Pi gran an pral sou zòd pi piti a.
Psalms 120:5Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.
Isaiah 21:16Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Nan yon lanne, jou pou jou, tankou moun k'ap travay pou lajan kalkile lè travay yo, p'ap rete anyen nan tout bèl pouvwa peyi Keda a!
Isaiah 35:1Dezè ak tè sèk pral kontan yon sèl kontan. Savann yo pral kontan tou, yo pral fleri.
Isaiah 40:3Tande vwa yon moun k'ap rele byen fò: -Pare chemen Seyè a nan dezè a. Louvri yon wout nan savann lan pou Bondye nou an!
Isaiah 43:19Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan.