The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 42 › Isaiah 42:14

Isaiah 42:14

Bondye di: -Gen lontan depi m' fèmen bouch mwen! Mwen pa di anyen, mwen kenbe pou m' pa pale. Men koulye a, mwen tankou yon fanm ki gen tranche. M'ap rele, m'ap plenn, souf mwen ap koupe, mwen pa kapab ankò.

Bib La

In The King James Version

I have long time holden my peace; I have been still, and refrained myself: now will I cry like a travailing woman; I will destroy and devour at once.

In Context

13Seyè a soti tankou yon vanyan gason! Li ranmase tout fòs li tankou yon nonm ki pral nan lagè. Li rele byen fò, li bay siyal pou lagè a! Tankou yon vanyan gason, l'ap kraze lènmi l' yo.

15Mwen pral ravaje tout mòn yo, gwo kou piti. Mwen pral fè tout plant yo ak tout pyebwa yo cheche. Mwen pral fè tè nan fon yo tounen sab lanmè pou bwè tout dlo larivyè yo. M'ap cheche lagon dlo yo.

Read all of Isaiah 42

Cross References

Job 32:20Se pou m' pale pou m' ka soulaje konsyans mwen. Se pou m' louvri bouch mwen reponn ou.

Psalms 50:21Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.

Ecclesiastes 8:11Se paske yo pran twòp tan pou yo pini moun ki fè mal yo ki fè moun toujou anvi fè sa ki mal.

Jeremiah 44:22Non. Seyè a pa t' ka sipòte move lajisman ak eskandal nou yo ankò. Se poutèt sa, jòdi a peyi a fini. Li kraze nèt san pesonn ladan l'. Tout moun sèvi ak non li pou bay madichon, jan nou wè l' jòdi a.

2 Peter 3:9Seyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 42:14

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 42:13Isaiah 42Isaiah 42:15 →