2 Peter 3:9
Seyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 18:23Si ou fè sa, Bondye va dirije ou. W'a kapab fè travay ou, epitou, tout pèp la va tounen lakay li ak kè poze.
Exodus 33:11Seyè a te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k'ap pale ak zanmi l'. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pèp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t'ap sèvi ak Moyiz. Li menm, li pa t' janm kite tant lan.
Psalms 86:15Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!
Isaiah 46:13M'ap fè jou delivrans nou an pwoche. Li pa lwen rive. Mwen p'ap mize vin delivre nou. Mwen pral delivre mòn Siyon. Mwen pral fè pèp Izrayèl la wè pouvwa mwen.
Luke 18:7Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l' lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l' ede yo?
Romans 9:22Nou pa gen anyen pou n' di Bondye ankò. Li vle fè nou wè kòlè li, an menm tan li vle fè nou konnen pouvwa li. Se poutèt sa, avèk anpil pasyans li sipòte tout moun ki te merite kòlè li epi ki te tou bon pou mouri.