Isaiah 42:21
Seyè a se yon Bondye ki soti pou sove pèp Izrayèl la. Li ta vle pou tout pèp la respekte lòd li yo, pou yo tout fè lwanj li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:6Se pou nou kenbe yo, se pou nou fè tou sa yo mande nou fè ladan yo. Paske, se konsa n'a fè lòt nasyon yo wè jan nou gen konprann, jan nou gen lespri. Lè y'a rive tande pale tout lòd sa yo, y'a di: Ala yon gwo pèp, papa! Pèp sa a gen tan gen konprann, yo gen tan gen lespri!
Psalms 40:8(040:9) Bondye mwen, mwen pran plezi m' nan fè sa ou vle m' fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m'
Psalms 71:19jan jistis ou rive jouk nan syèl la. Bondye, ou fè bèl bagay. Pa gen tankou ou!
Isaiah 1:24Se poutèt sa, koulye a, koute sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen fòs kouraj la ap di: Nou se lènmi m'. Nou pa vle wè m'. Mwen pral pran revanj mwen. Mwen p'ap kite nou ban m' traka ankò.
Isaiah 46:12Koute sa m'ap di nou, bann tèt di, nou menm ki pa soti pou fè sa ki dwat:
Matthew 3:15Jezi reponn li: Kite sa fèt konsa koulye a. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande. Jan pa t' kenbe tèt avè l' ankò.