Isaiah 42:22
Men koulye a, yo fin piye pèp li a, yo pran tou sa yo te genyen. Yo fèmen yo tout nan kacho. Yo mete yo tout nan prizon. Yo vòlò tou sa yo te genyen san pesonn pa delivre yo. Yo piye yo nèt ale san pesonn pa di: Renmèt yo zafè yo!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:29Gwo midi, n'a tatonnen tankou avèg k'ap mache nan fènwa. Nou p'ap jwenn rannman nan ankenn travay n'ap fè. Tout tan moun ap malmennen nou, y'ap vòlè nou, lèfini p'ap gen pesonn pou pote nou sekou.
Psalms 50:22Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.
Isaiah 1:7Peyi nou an fini. Dife fin boule tout lavil nou yo ratè. Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, l'a devan je nou. Yo fini ak tout bagay nan peyi a nèt. Yon sèl lafliksyon tonbe sou nou, tankou lè lènmi pase nan peyi a.
Isaiah 14:17Se pa li ki te kraze tout lavil yo, ki te fè latè tounen yon dezè a sa? Se pa li ki pa t' janm kite moun li fè prizonye tounen lakay yo a sa?
Isaiah 24:3Yo pral ravaje tout tè a, yo pral piye tout bagay. Seyè a fin pale, se sa ki pou rive.
Isaiah 24:22L'ap mete yo ansanm nan prizon nan yon tonm. L'ap fèmen yo nan kacho. Apre yon bon tan, l'ap pini yo.