Isaiah 43:12
Se mwen menm ki te di nou davans sa ki gen pou rive. Se mwen menm ki delivre nou. Pa gen ankenn lòt bondye lòt nasyon yo ki janm fè sa pou nou. Nou menm, se temwen mwen nou ye. Se mwen ki Bondye. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Se mwen menm sèl ki Granmèt la, Seyè a. Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm!
13M' pa janm chanje. Pesonn pa ka chape anba men mwen. Ki moun ki ka defèt sa mwen fè?
Cross References
Deuteronomy 32:12Seyè a sèl chèf yo. Li pa bezwen lòt bondye pou ede l'.
Psalms 81:9(081:10) Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo!
Isaiah 37:20Koulye a, Seyè, Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Seyè, ki Bondye.
Isaiah 43:10Men pawòl Seyè a di: -Se nou menm menm ki pou sèvi m' temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m', pou nou konnen m', pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pa t' gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye.
Isaiah 46:9Chonje tou sa ki te rive nan tan lontan. Rekonèt se mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt! Se mwen sèl ki Bondye. Nanpwen tankou m'!
Isaiah 55:4Gade. Mwen te fè l' chèf pou l' te kòmande nasyon yo. Mwen te fè l' sèvi m' temwen nan mitan yo.