Isaiah 43:16
Nan tan lontan, se li menm, Seyè a, ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou nou. Li te fè yon wout nan mitan gwo dlo ki te fin debòde yo.
Bib La
In The King James Version
Thus saith the LORD, which maketh a way in the sea, and a path in the mighty waters;
In Context
Cross References
Exodus 14:16Ou menm, leve baton ou lan. Lonje men ou sou lanmè a, fann li de bò. Konsa, moun pèp Izrayèl yo va mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk.
Exodus 14:29Men, moun Izrayèl yo menm te mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. Dlo a te kanpe tankou yon miray sou bò dwat ak sou bò gòch yo.
Nehemiah 9:11Ou louvri yon chemen nan lanmè a pou pèp la pase san pye yo pa mouye. Moun ki t'ap pousib yo, ou neye yo nan fon lanmè. Yo fè fon tankou wòch nan gwo lanmè.
Psalms 77:19(077:20) Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase.
Psalms 78:13Li fann lanmè a an de, li fè yo pase nan mitan l'. Li fè dlo yo kanpe dwat tankou miray.
Psalms 114:3Lè Lanmè Wouj la wè l', li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann.