Isaiah 43:25
Se mwen menm ankò k'ap efase tou sa nou fè ki mal. Se paske se mwen kifè m'ap fè l'. Mwen p'ap kenbe nou nan kè poutèt peche nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 25:11Seyè, poutèt non ou pote a, padonnen peche m' yo, paske yo anpil.
Psalms 51:4(051:6) Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije.
Psalms 79:8Tanpri, pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè. Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou, paske nou fin dekouraje nèt.
Isaiah 1:18Seyè a di konsa: -Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m'ap lave nou. M'ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fè nou blan kou lenn mouton.
Isaiah 38:17Ou wete m' nan kè sere m' te ye a. Se ou menm ki wete m' nan bouch twou a. Ou voye tout peche m' yo jete dèyè do ou.
Isaiah 44:22Mwen te fè peche nou yo disparèt devan je m' tankou yon nwaj nan syèl la. Tounen vin jwenn mwen non, paske se mwen menm ki te delivre nou.