Isaiah 43:24
Nou pa t' depanse lajan nou achte lansan pou mwen. Ni nou pa t' ofri m' grès bèt nou touye yo pou sa te fè m' plezi. Men, se nou menm ki kraze m' ak peche nou yo. Se nou menm ki fatige m' ak mechanste n'ap fè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 30:23-Pran pi bon plant santi bon ki genyen: ven liv lami, dis liv kannèl bon kalite, dis liv fèy sitwonèl,
Leviticus 3:16Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Tout grès la se pou Seyè a li ye. Se yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Psalms 50:9Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.
Isaiah 1:14Mwen rayi fèt lalin nouvèl nou yo ak tout bèl seremoni n'ap plede fè yo. Se yon chay yo tounen pou mwen. Mwen pa ka sipòte yo ankò.
Isaiah 7:13Lè sa a, Ezayi di konsa: -Koute non, moun fanmi David yo! Sa pa kont nou toujou? Jan nou fè moun bouke ak nou pou koulye a nou soti pou nou fè Bondye mwen an bouke ak nou tou?
Jeremiah 6:20Ki mele m' ak lansan y' al chache nan peyi Saba, ak plant santi bon ki soti nan peyi byen lwen! Zannimo n'ap ofri pou boule pou mwen yo pa fè m' plezi menm. Bèt n'ap touye pou mwen yo pa di m' anyen.