Isaiah 43:4
M'ap bay tout moun lòt nasyon yo pou m' ka sove lavi nou, paske mwen konsidere nou anpil. Nou gen anpil valè pou mwen, mwen renmen nou anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 12:2M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.
Deuteronomy 4:37Li te renmen zansèt nou yo, li te chwazi pitit pitit yo apre yo, kifè li te fè yo santi li la ak yo, li fè yo wè gwo pouvwa li, li fè yo soti kite peyi Lejip.
Deuteronomy 14:2Paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an nou ye. Se nou menm Seyè a te chwazi nan mitan tout pèp sou latè pou nou te tounen yon pèp ki rele l' pa li.
Deuteronomy 32:9Men, li chwazi pitit Jakòb yo pou li. Se yo ki pèp pa l' la menm.
Psalms 135:4Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l', se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li.
Jeremiah 31:3Byen lwen, Seyè a te fè m' wè li. Li t'ap di: Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou. Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou.