Isaiah 44:11
Moun k'ap sèvi estati zidòl yo pral wont. Moun k'ap fè estati yo, se moun yo ye. Se pou yo vini pou yo konparèt devan tribinal la. Se pou yo pè, se pou yo wont!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:28Lè n'a rive nan peyi sa yo, nou pral fè sèvis pou bondye moun fè ak men yo, pou zidòl fèt an bwa, osinon an wòch, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka manje, ki pa ka pran sant anyen.
Judges 16:23Aprè sa, yon jou, chèf moun Filisti yo te reyini pou fè yon gwo sèvis pou Dagon, bondye yo a. Yo t'ap fè fèt. Yo t'ap di: -Bondye nou an lage Samson, lènmi nou an, nan men nou.
1 Samuel 6:4Pèp la mande yo: -Ki kalite bagay pou nou bay ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a? Yo di yo: -Senk bouton lò ak senk sourit an lò, yonn pou chak chèf moun Filisti yo, paske se menm maladi a ki te tonbe ni sou nou ni sou senk chèf nou yo.
1 Kings 18:40Lè sa a, Eli di yo: -Mete men sou pwofèt Baal yo! Pa kite yonn chape. Pèp la mete men sou tout pwofèt yo. Eli mennen yo desann nan ravin Kison an, li touye yo.
Isaiah 1:29N'a wont akòz gwo pye bwadchenn repozwa nou te konn sèvi yo, akòz bèl jaden nou te plante pou zidòl yo.
Isaiah 42:17Tout moun ki mete konfyans yo nan zidòl, tout moun k'ap rele estati yo bondye, yo pral bese tèt yo atè, yo pral wont.