Isaiah 42:17
Tout moun ki mete konfyans yo nan zidòl, tout moun k'ap rele estati yo bondye, yo pral bese tèt yo atè, yo pral wont.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Seyè a di: -Nou menm moun soudè yo, koute! Nou menm moun avèg yo, gade byen!
Cross References
Exodus 32:8Yo gen tan kite chemen mwen te mande yo swiv la. Yo pran lò, yo fonn li, yo fè estati yon ti towo bèf, yo tonbe fè sèvis pou li, yo touye bèt ofri ba li, epi yo di: Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.
Psalms 135:18Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.
Isaiah 44:9Tout moun k'ap fè estati zidòl yo, se moun ki pa vo anyen. Bondye yo renmen anpil yo pa ka fè anyen pou yo. Moun k'ap pran pou yo se moun ki pa wè, moun ki pa konn anyen. Se pou sa yo pral wont pita.
Isaiah 44:17Avèk rès bwa a, yo fè estati yon bondye pou yo sèvi. Yo mete ajenou devan l', yo lapriyè devan l', y'ap di: Ou se bondye mwen. Delivre m' non!
Jeremiah 2:26Menm jan yon vòlè wont lè yo bare l', se konsa moun pèp Izrayèl yo pral wont, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo!