Isaiah 44:13
Moun k'ap travay bwa a menm pran mezi yon moso bwa, li trase pòtre zidòl la sou li ak moso lakre, li travay li ak sizo. Li ba li fòm yon moun, fòm yon bèl moun, pou l' mete l' nan yon tanp.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 31:30Mwen konnen ou pati paske se pa ti anvi ou pa te anvi tounen lakay papa ou. Men, sa ou te bezwen vòlè ti zidòl kay mwen yo fè?
Genesis 35:2Se konsa Jakòb rele fanmi l' yo ansanm ak tout lòt moun ki avè l' yo. li di yo: -Pran tout lòt bondye etranje n'ap sèvi yo, voye yo jete. Mete nou nan kondisyon pou sèvi Bondye. Mete rad nèt sou nou.
Deuteronomy 4:16Piga nou fè sa nou pa dwe fè. Piga n' al fè ankenn zidòl pou nou adore, kit li gen fòm gason, osinon fòm fanm,
Deuteronomy 27:15-Madichon Bondye pou tout moun ki fè travay yon wòch ak sizo osinon fè fonn metal pou fè yon zidòl, epi lèfini ki kache l' yon kote pou l' fè sèvis pou li. Se yon bondye moun fè ak men yo. Seyè a pa vle wè bagay konsa! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
Judges 18:24Mika reponn yo: -N'ap mande m' sa ki genyen menm? Nou fin vòlò estati zidòl yo, ansanm ak prèt mwen an epi n' al fè wout nou. Ak kisa nou kite m' la a?
Isaiah 41:7Bòs atizan k'ap fè estati a ap ankouraje òfèv la. Moun k'ap fin bay estati a fòm ak ti kout mato l' yo ap ankouraje bòs fòjon an. Yon lòt di: Soudi a bon! Yo kloure zidòl la nan plas li pou li pa tonbe.