Isaiah 44:19
Moun k'ap fè zidòl yo pa kalkile nan tèt yo, yo pa konn anyen, yo pa gen konprann pou yo ta di: Mwen boule mwatye bwa a nan dife. Mwen kwit manje sou chabon dife a. Mwen griye vyann pou m' manje. Avèk rès bwa a mwen fè yon bagay k'ap avili m', yon zidòl. M'ap adore yon bout bwa!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 7:23Farawon an vire do ba yo, l' al lakay li tankou si anyen pa t' rive.
Deuteronomy 32:46li di yo konsa: -Se pou nou koute tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. Y'a sèvi m' temwen mwen te fè nou konnen yo. Nou menm, n'a pase pitit nou yo lòd pou yo kenbe yo, pou yo swiv tout pawòl ki nan lalwa Bondye a.
1 Kings 11:7Sou mòn ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, li bati de tanp, yonn kote yo fè sèvis pou Kemòch, vye zidòl degoutan peyi Moab la, ak yonn kote yo fè sèvis pou Molòk, vye zidòl degoutan peyi Amon an.
Isaiah 5:13Pèp la pa konn anyen menm. Se poutèt sa y'ap fè yo prizonye, y'ap depòte yo. Grannèg yo pral mouri grangou. Pèp la menm ap mouri swaf dlo.
Isaiah 46:8Pa janm bliye sa! Mete gason sou nou! Nou menm k'ap fè peche, kalkile tou sa nou fè!
Hosea 7:2Men, yo pa janm mete nan tèt yo m'ap toujou chonje tou sa yo fè. Men, yo kanpe nan mitan tout mechanste yo la devan je mwen.