Isaiah 44:20
Se tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 22:20Seyè a t'ap mande ki moun ki vle al pran tèt Akab pou l' al fè yo touye l' lavil Ramòt. Gen zanj ki di yon bagay, gen lòt zanj ki di yon lòt bagay.
Job 15:31Yo pa bezwen konte sou pozisyon yo. Nou konnen sa p'ap sèvi yo anyen.
Proverbs 15:14Yon moun ki gen konprann toujou ap chache gen konesans. Men, moun sòt pran plezi nan pale koze san sans.
Isaiah 59:3San ap koule sou tout dwèt nou. Nou foure men nou nan tout kalite mechanste. Bonjou nou pa laverite. Depi nou louvri bouch nou se kout lang n'ap bay.
Jeremiah 16:19Seyè, ou menm ki tout pwoteksyon mwen, ou menm ki ban m' tout fòs mwen, se bò kote ou mwen kouri lè mwen nan pwoblèm. Moun lòt nasyon yo va soti byen lwen, nan dènye bout latè pou yo vin nan pye ou. Y'a di: -Sa zansèt nou yo te mouri kite pou nou yo pa bondye tout bon. Se yon bann zidòl ki pa vo anyen.
Hosea 12:1Pèp Efrayim lan ap fè yon bann bagay ki p'ap rapòte yo anyen. Y'ap kouri siyen kontra ak moun k'ap fini ak yo. Tout lajounen y'ap plede bay manti sou manti. Se fè mechanste. Yo fè kontra avèk peyi Lasiri, y'ap fè kòmès lwil avèk peyi Lejip.