Isaiah 45:3
M'a ba ou tout richès ki sere kote ki fènwa a, richès ki kache nan depo kote moun pa konnen. Lè sa a, w'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Se Bondye pèp Izrayèl la ki te rele ou fè travay sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 33:12Moyiz di Seyè a: -Ala ou di m' fè pèp la moute ale nan peyi a, men ou pa di m' kilès w'ap voye avè m' pou ede m'. Men, koulye a ou di m' ou konnen m' byen, ou konnen ki moun mwen ye. Ou kontan mwen anpil.
2 Chronicles 6:17Se konsa, Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, fè tout bagay rive jan ou te fè pwomès la bay David, sèvitè ou la.
Isaiah 41:23Di nou kisa ki gen pou rive pita. Lè sa a, n'a konnen se bondye nou ye vre! Fè kichòy non, li te mèt bon, li te mèt pa bon, pou n' ka wè l', pou nou ka egzaminen l' ansanm!
Isaiah 48:15Se mwen menm ki te pale, se mwen menm ki te rele l'. Se mwen menm ki fè l' vini. M'ap fè l' reyisi nan travay l'ap fè a.
Jeremiah 27:5-Se mwen menm avèk gwo kouraj mwen epi ak fòs ponyèt mwen ki fè latè ansanm ak tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. Mwen pran yo bay moun mwen vle.
Jeremiah 50:37Lanmò pou chwal li yo! Kraze tout cha lagè li yo. Lanmò pou tout moun lòt nasyon k'ap fè djòb sòlda lakay yo! Se pou yo vin tankou fanm. Disparèt tout richès li yo. Piye tout byen li yo.