Isaiah 45:2
-Se mwen menm k'ap louvri chemen pou ou. M'ap fè mòn yo vin plat. M'ap kraze gwo pòtay an kwiv yo. M'ap kase ba fè yo de bout.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 107:16Li kraze gwo pòt an fè yo. Li kase bawo an fè yo.
Isaiah 13:4Koute yon gwo bri sou mòn yo! Se tankou bri yon gwo foul moun, yon kantite nasyon ak moun tout peyi k'ap sanble. Se Seyè ki gen tout pouvwa a k'ap fè enspeksyon lame li a anvan y' al goumen.
Isaiah 42:16M'ap fè avèg yo mache sou yon wout yo pa t' janm konnen anvan. M'ap pran men yo, m'ap mennen yo sou chemen yo pa t' janm konn fè anvan. M'ap fè kote ki fè nwa yo vin fè klè, kote ki gen anpil bit ak twou yo vin plat. Se tout bagay sa yo mwen pral fè rive. Wi, m'ap fè yo rive vre.
Daniel 8:4Mwen wè belye mouton an t'ap bay kout kòn nan direksyon solèy kouche, nan direksyon nò ak nan direksyon sid. Pat gen yon bèt ki te ka kenbe tèt avè l'. Ni pa t' gen pesonn pou wete yo anba pat li. Li t'ap fè sa l' pito. Chak lè, li t'ap vin pi awogan.
Luke 3:5Tout fon gen pou konble. Tout gwo mòn, tout ti mòn gen pou vin plat. Kote ki gen detou gen pou vin dwat. Chemen ki an movèz eta gen pou vin bèl.