Isaiah 47:2
Pran wòl moulen yo, al moulen farin! Wete vwal ki sou tèt ou a! Moute ke rad ou wotè jenou ou. Dekouvri janm ou pou ou janbe dlo.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Rete toutouni pou moun ka wè jan ou tonbe ba! Mwen pral tire revanj. Pesonn p'ap ka rete m'.
Cross References
Exodus 11:5Tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo pral mouri, depi premye pitit farawon an, ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason dènye klas sèvant k'ap travay nan moulen. Premye pitit tout bèt pral mouri tou.
1 Chronicles 19:4Sa Anoun fè lè sa a, li pran moun David te voye yo, li raze tout yon bò nan bab yo, li koupe anba rad yo ra dèyè yo, li voye yo tounen.
Isaiah 3:17Men, mwen menm Bondye, m'ap pini yo. M'ap kale tèt yo tou blanch, m'ap kite yo san cheve.
Isaiah 32:11Bann byennerèz, nou pral nan ka! Bann paresèz, nou pral tranble! Wete rad sou nou, rete toutouni, mare ren nou ak ranyon,
Jeremiah 13:26Se mwen menm menm ki pral leve rad nou jouk sou tèt nou, pou yo wè nou toutouni.
Lamentations 5:13Yo fòse jenn gason nou yo rale moulen. Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa.