Lamentations 5:13
Yo fòse jenn gason nou yo rale moulen. Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa.
Bib La
In The King James Version
They took the young men to grind, and the children fell under the wood.
In Context
12Yo pran chèf nou yo, yo pann yo. Yo derespekte granmoun nou yo.
14Granmoun yo pa chita nan pòtay lavil la ankò. Jennmoun nou yo pa chante ankò.
Cross References
Exodus 2:11Lè sa a, Moyiz te fin grandi. Yon jou, li soti pou l' al vizite moun pèp Izrayèl parèy li yo. Li wè jan yo t'ap fè yo travay di. Li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap bimen yon ebre anba kou, yonn nan moun parèy li yo.
Exodus 23:5Si nou pa byen ak yon moun, epi nou wè bourik li kouche anba yon chay, pa vire do nou kite l' pou kont li. Se pou nou ede l' fè bourik la kanpe.
Nehemiah 5:1Yon lè, moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout madanm yo konmanse plenyen sou do kèk chèf jwif parèy yo.
Isaiah 47:2Pran wòl moulen yo, al moulen farin! Wete vwal ki sou tèt ou a! Moute ke rad ou wotè jenou ou. Dekouvri janm ou pou ou janbe dlo.
Matthew 23:4Yo mare gwo chay lou yo mete sou zepòl lòt moun. Men, yo menm yo p'ap leve yon ti pwent dwèt pou ede moun yo pote chay la.