Isaiah 48:17
Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k'ap delivre yo a, men sa li di: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm k'ap moutre nou sa ki pou byen nou. Se mwen menm k'ap mennen nou nan chemen pou nou swiv la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 3:4Se konsa n'a konnen ki wout pou nou pran, paske nou poko janm pase bò isit la. Men, piga nou pwoche twò pre Bwat Kontra a. N'a kite yon distans senksan (0500) mèt konsa ant li ak nou.
Job 22:21Jòb monchè, byen ak Bondye ankò, tande! Sispann chache l' kont!
Psalms 25:8Seyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv.
Psalms 32:8Seyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.
Psalms 73:24Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou.
Isaiah 30:20Bondye va fè nou manje kont mizè nou, l'a fè nou pase kont tray nou, men l'ap la pou l' moutre nou sa pou l' moutre nou an. N'ap wè l' ak de grenn je nou, nou p'ap bezwen al chache l' ankò.