Isaiah 48:19
Moun ras nou yo ta menm kantite ak grenn sab. Pitit pitit nou yo ta tankou grenn sab bò lanmè. Anyen pa ta ka detwi nou devan mwen. Non! Nou pa ta janm disparèt devan mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:17Mwen pwomèt pou m' ba ou anpil pitit pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. Y'a bat tout lènmi yo.
Joshua 7:9Moun Kanaran yo ak tout lòt moun ki rete nan peyi a pral konn sa. Yo pral leve dèyè nou. Yo pral touye nou nèt nan peyi a. Kisa ou pral fè lè sa a pou yo pa avili non ou?
1 Kings 9:7lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li.
Psalms 109:13Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li.
Isaiah 10:22Menm si moun pèp Izrayèl yo te anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen ase k'ap tounen. Wè pa wè, y'ap detwi pèp la. Se sa menm li merite.
Isaiah 48:9Se poutèt non mwen pote a kifè mwen kenbe kòlè m'. Se paske mwen vle pou moun fè lwanj mwen kifè mwen pa koute kòlè m' pou m' kraze nou!