Isaiah 48:8
Nou pa t' janm konn bagay konsa, nou pa t' janm tande sa. Mwen pa t' kase bwa nan zòrèy nou sou sa, paske mwen konnen jan nou trèt. Yo pa ka fè nou konfyans. Depi nou fèt yo konnen nou pou moun tèt di.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 9:24Depi mwen konnen nou, se wòklò n'ap plede fè ak Bondye!
Deuteronomy 31:18Men malgre sa, mwen menm m'a refize ede yo paske yo te fè twòp bagay mal lè yo te al kouri dèyè lòt bondye.
Psalms 51:5(051:7) Wi, depi m' fèt, mwen fèt ak peche nan kè m'. Depi nan vant manman m', mwen gen peche nan kè m'.
Psalms 139:1Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, ou sonde m', ou konnen ki moun mwen ye.
Isaiah 21:2Mwen fè yon vizyon, mwen wè bagay ki pou bay gwo lapenn lan. Mwen wè moun k'ap trayi, moun k'ap kraze brize! Nou menm lame peyi Elam lan, moute al atake! Nou menm sòlda peyi Medi yo, al sènen lavil li yo! Bondye pral fè moun k'ap soufri anba peyi Babilòn lan sispann plenn.
Isaiah 29:10Paske Seyè a fè nou anvi dòmi. Li fè je nou vin lou. Pwofèt yo, se je pèp la yo ye! Li kouvri tèt nou. Divinò yo, se tèt pèp la yo ye.