The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 49 › Isaiah 49:21

Isaiah 49:21

Lè sa a, n'a di nan kè nou! -Kilès ki te fè tout pitit sa yo pou nou? Nou te pèdi tout pitit nou yo. Nou pa t' kapab fè pitit ankò. Yo te depòte nou, yo te vire do ban nou. Ki moun ki te elve tout pitit sa yo pou nou? Nou te pou kò nou. Kote yo soti menm?

Bib La

In The King James Version

Then shalt thou say in thine heart, Who hath begotten me these, seeing I have lost my children, and am desolate, a captive, and removing to and fro? and who hath brought up these? Behold, I was left alone; these, where had they been?

In Context

20Yon lè, pitit nou te kwè ki te pèdi nèt yo, n'a tande yo ap pale nan zòrèy nou, y'a di nou: Peyi a twò piti pou nou. Ban nou kote pou nou rete.

22Men sa Seyè a, Bondye a, di ankò: M'ap fè nasyon yo siyon ak men m'. M'ap leve drapo m' pou m' avèti pèp yo. Se yo menm ankò ki pral pran pitit gason nou yo sou do yo, k'ap mete pitit fi nou yo sou zepòl yo pou mennen yo tounen lakay nou.

Read all of Isaiah 49

Cross References

Isaiah 1:8Lavil Jerizalèm rete pou kont li sou do mòn Siyon an, tankou yon ti joupa, tankou yon ti tonèl nan mitan jaden. Lènmi sènen l' toupatou.

Isaiah 5:13Pèp la pa konn anyen menm. Se poutèt sa y'ap fè yo prizonye, y'ap depòte yo. Grannèg yo pral mouri grangou. Pèp la menm ap mouri swaf dlo.

Isaiah 52:2Ou menm lavil Jerizalèm ki nan prizon, souke pousyè ki sou ou, leve atè a, chita sou fòtèy ou! Wete chenn yo te pase nan kou ou yo, ou menm mòn Siyon ki te nan prizon!

Isaiah 60:15Mwen p'ap vire do ban nou ankò. Yo p'ap rayi nou. Nou p'ap rete san pesonn pou vizite nou. M'ap fè moun nou yo toujou kontan wè nou. Y'a fè fèt de tit an tit.

Isaiah 64:10Lavil yo mete apa pou ou yo rete san moun ladan yo. Mòn Siyon an tankou yon dezè. Lavil Jerizalèm tounen yon savann.

Lamentations 1:1Jan lavil Jerizalèm te plen moun yon lè! Gade, jounen jòdi a li chita pou kont li! Li tankou yon fanm ki pèdi mari l'. Tout nasyon sou latè te respekte pouvwa li. Li te devan tout lòt lavil yo. Koulye a, men li tounen esklav!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 49:21

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 49:20Isaiah 49Isaiah 49:22 →