Isaiah 49:7
Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k'ap delivre yo a, l'ap pale ak pèp tout moun ap meprize a, pèp nasyon yo pa vle wè a, pèp ki esklav chèf k'ap gouvènen yo a. Li di yo: Wa va leve kanpe lè y'a wè ou. Chèf va ajenou devan ou. Y'a fè sa poutèt Seyè a k'ap toujou kenbe pawòl li, poutèt Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 22:6(022:7) Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m', tout moun ap pase m' nan betiz.
Psalms 68:31(068:32) Grannèg ap soti nan peyi Lejip, moun peyi Letiopi ap louvri bra yo pou lapriyè Bondye.
Psalms 69:19(069:20) Ou konnen jan y'ap joure mwen, jan y'ap fè m' wont, jan y'ap trennen m' nan labou. Ou wè tout moun k'ap pèsekite m' yo.
Psalms 72:11Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l'.
Isaiah 48:7Se bagay m'ap fè koulye a menm. Mwen pa janm ko fè sa. Se bagay nou pa t' janm konnen jouk jounen jòdi a. Konsa nou pa ka di nou te konn sa deja!
Isaiah 49:1Nou menm ki rete nan zile yo, koute sa m'ap di nou! Nou menm ki rete byen lwen yo, pare zòrèy nou! Depi m' fèt, Seyè a chwazi m'! Depi nan vant manman m', li rele m' pou m' sèvi l'.