Isaiah 5:11
Madichon pou moun k'ap leve granmaten pou yo ale chache gwòg pou yo bwè, pou moun k'ap rete byen ta lannwit pou bwè diven jouk yo sou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 20:1Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouyay, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou.
Proverbs 23:32Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou.
Isaiah 5:22Madichon pou nou! Lè se boutèy diven pou nou desann, nou pa manke kouraj! Lè se gwòg pike pou nou konpoze, nou pa manke vanyan gason!
Isaiah 28:1Madichon pou gwògmann ki alatèt peyi Efrayim lan! Pouvwa yo ap fini tankou bèl flè ki te nan kouwòn yo te mete sou tèt yo a. Madichon pou bèl kapital k'ap deperi sou tèt mòn kote li dominen bon venn tè ki nan plenn lan! Madichon pou nou tout ki anba gwòg nou!
Hosea 7:5Konsa, jou y'ap fè fèt pou wa a, chèf yo malad anba diven, wa a menm bay lanmen ak ipokrit yo.
Luke 21:34Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n' pa ta kwè.