Isaiah 5:12
Lè y'ap fè fèt, se pou gen gita ak bandjo, tanbou ak fif ak barik plen diven. Men, yo pa chache konprann sa Seyè a ap fè, yo pa wè travay l'ap fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 21:11Timoun yo ap kouri tankou ti mouton nan savann. Y'ap jwe, y'ap sote tankou ti kabrit.
Psalms 28:5Yo pa pran ka sa Seyè a te fè, sa l' te fè ak men l'. Se pou Seyè a detwi yo, se pou l' disparèt yo nèt alè.
Isaiah 5:19Y'ap plede di: Se pou Bondye fè vit! Se pou li prese fè sa l'ap fè a pou nou ka wè l'. Se pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa prese fè travay li vle fè a, pou nou ka wè sa li gen nan tèt li.
Isaiah 56:12Y'ap plede di: Vini non! N'a jwenn diven. N'a pran kèk bon razad gwòg. Denmen menm, bagay la ap pi bon toujou pase jòdi a.
Daniel 5:23Ou menm tou, ou kenbe tèt ak Seyè ki nan syèl la, ou fè yo pote veso yo te pran nan tanp li a ba ou. Epi ou menm, chèf ou yo, madanm ou yo ak fanm kay ou yo, nou bwè diven ladan yo. Nou fè lwanj pou bondye fèt an lò, an ajan, an kwiv, an fè, an bwa, an wòch, bondye ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa konn anyen. Men, monwa, Bondye ki kenbe lavi ou nan men l' lan, li menm ki kontwole tou sa w'ap fè yo, ou pa fè lwanj li.
Amos 6:4Sa pral rèd nèt pou moun ki kouche sou bèl kabann, k'ap layite kò yo sou bon matla dous, k'ap manje jenn ti mouton ak jenn ti bèf!