Isaiah 5:29
Sòlda yo gwonde tankou fenmèl lyon. Yo rele tankou yon bann ti lyon. Yo gwonde, yo tonbe sou bèt yo pran an, yo pote l' ale. Pa gen moun ki pou rache l' soti nan bouch yo!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 49:9Jida, se yon jenn ti lyon. Lè ou fin fè ravaj, pitit mwen, ou tounen tounen ou. Ou kwoupi, ou kache kò ou tankou yon jenn ti lyon, tankou yon fenmèl lyon. Ki moun ki ka deranje ou?
Psalms 50:22Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.
Isaiah 31:4Men sa Seyè a di m' ankò: -Menm jan yon gwo lyon osinon yon ti lyon ap gwonde lè li fin pran yon bèt, tout gadò yo te mèt mete ansanm pou goumen ak li, yo te mèt rele, sa p'ap fè l' pè, yo te mèt anpil, sa p'ap kraponnen l', konsa tou, Seyè ki gen tout pouvwa a pral desann pou l' pran defans mòn Siyon an ak ti mòn ki pou li a.
Isaiah 49:24Eske ou ka wete nan men yon vanyan gason bagay li pran nan lagè? Eske ou ka lage prizonye ki anba men gwo chèf?
Jeremiah 4:7Tankou yon lyon ki soti nan kachèt li anba raje, moun ki pral detwi nasyon yo derape. Li kite lakay li, l'ap vin devaste peyi Jida a. L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo.
Jeremiah 50:17Seyè a di ankò: -Pèp Izrayèl la te tankou mouton ki pèdi bann yo. Lyon gaye yo nan tout raje. Premye moun ki mete men sou yo se te wa peyi Lasiri a. Apre sa, se te Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, ki te kraze tout zo yo.