Isaiah 52:12
Fwa sa a, nou pa bezwen prese kouri ale. Nou p'ap fè tankou moun k'ap kouri chape poul yo. Paske Seyè a, Bondye nou an, ap pran devan nou. Se li menm tou, Bondye pèp Izrayèl la, k'ap mache dèyè pou pwoteje nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:33Moun peyi Lejip yo te cho cho dèyè moun pèp Izrayèl yo pou fè yo prese kite peyi a. Yo t'ap di: -Si nou pa ale, nou tout ap mouri!
Exodus 13:21Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit.
Exodus 14:19Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nwaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo.
Deuteronomy 20:4Seyè a, Bondye nou an, ap mache avèk nou. L'a goumen pou nou kont lènmi nou yo pou l' fè nou genyen batay la.
Judges 4:14Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil (010.000) sòlda dèyè l'.
Isaiah 28:16Se poutèt sa, koulye a, men sa Seyè a di: Gade! Se mwen menm menm k'ap mete yon fondasyon byen fèm, byen solid nan lavil Siyon an. Nan kwen fondasyon an, m'ap mete yon gwo wòch pyè byen chita. Sou li m'ap make: moun ki gen konfyans nan Bondye p'ap janm gen kè sote.