Isaiah 52:11
Wete kò nou nan lavil Babilòn! Wete kò nou! Pati ale! Pa manyen anyen nou pa dwe manyen! Wete kò nou nan mitan lavil la. Mete nou nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, nou menm k'ap pote veso ki apa pou sèvis Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 5:2Si yon moun rive manyen, san li pa konnen, yon bagay moun k'ap sèvi Bondye pa gen dwa manyen, tankou kadav yon bèt ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, li te mèt yon bèt nan bwa, li te mèt yon bèt kay, li te mèt yon bèt k'ap trennen sou vant, lè l' rive konnen sa l' fè a, li menm tou li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, epi li antò pou sa l' fè a.
Leviticus 11:26Tout bèt ki pa gen zago yo fann an de osinon ki pa remoute manje pa bon pou nou manje. Tout moun ki manyen ata kadav bèt sa yo pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.
Leviticus 11:47Se pou nou toujou rekonèt bèt ki ka mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye ak bèt ki p'ap fè l', bèt ki bon pou nou manje ak bèt ki pa bon pou nou manje.
Leviticus 21:6Se pou yo viv apa nèt pou Bondye yo. Yo pa dwe derespekte non mwen. Paske se yo menm k'ap mete nan dife ofrann yo fè pou Seyè a, se manje Bondye y'ap ofri. Se pou yo toujou rete apa pou mwen.
Numbers 16:26Li pale ak pèp la, li di yo: -Wete kò nou bò kote bann mechan sa yo rete a. Pa manyen anyen ki pou yo, si nou pa vle pase tou nan chatiman yo pral ba yo pou peche yo fè a.
Ezra 1:7Nan tan lontan, wa Nèbikadneza te pran tout bòl ak tout lòt bagay ki t'ap sèvi nan tanp Seyè a lavil Jerizalèm, li te mete yo nan tanp bondye pa l' la. Wa Siris fè chache tout bagay sa yo.