Isaiah 52:14
Menm jan anpil moun te pran sezisman lè yo te wè l', sitèlman li te defigire, sitèlman figi l' pa t' sanble menm ak figi moun,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 22:6(022:7) Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m', tout moun ap pase m' nan betiz.
Psalms 22:17(022:18) Tout zo nan kò m' parèt. Y'ap gade m', y'ap veye m'.
Psalms 102:3(0102:4) Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo.
Isaiah 53:2Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pa t' bèl gason, li pa t' gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l'. Li pa t' sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l'.
Matthew 22:22Lè yo tande sa, yo pa t' manke sezi. Yo kite l', y al fè wout yo.
Matthew 27:14Men Jezi pa ba l' repons sou anyen. Sa te fè Pilat sezi anpil.