Isaiah 52:5
Koulye a, sa pou m' fè la a? Se Seyè a menm k'ap di sa. Yo pran pèp mwen an, yo depòte yo pou anyen. Moun k'ap kraze yo a ap pale fò, y'ap fè grandizè. Se Seyè a menm ki di sa. Epi tout lajounen, san rete y'ap trennen non m' nan labou.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Men jou sa a, pèp mwen an va rekonèt se mwen menm Bondye, ki pale ak nou! Men mwen!
Cross References
Exodus 1:13Se konsa, yo fè pèp Izrayèl la tounen esklav.
Exodus 3:7Seyè a di: -Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y'ap rele anba men moun k'ap peze yo. Wi, mwen konnen jan y'ap soufri.
Psalms 44:12(044:13) Ou vann pèp ou a pou gremesi, ou pa fè okenn benefis sou li.
Psalms 74:10Bondye, kilè moun k'ap pile nou anba pye yo va sispann joure? Gen lè lènmi yo p'ap janm gen respè pou non ou?
Psalms 74:22Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen!
Isaiah 22:16Kisa ou genyen ki pou ou isit la? Ki fanmi ou gen isit la pou ou fè fouye yon kavo pou ou nan flan ti mòn lan?