Isaiah 53:4
Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t'ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l'. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t'ap pini l'. Nou te konprann se frape Bondye t'ap frape l', se kraze Bondye t'ap kraze l' anba men l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 7:45Li ofri menm bagay ak Nakchon.
Psalms 69:26(069:27) Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.
Isaiah 53:5Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l' deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l' anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.
Matthew 8:17Se konsa pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Li pran enfimite nou yo sou li. Li pote maladi nou yo sou do li.
John 19:7Jwif yo reponn li: Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l' mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye.
Hebrews 9:28Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l' tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.